Pozisyon vis prezidan nasyonal Zantray la sou zak ensekirite a anndan peyi Dayiti.

355

01/31/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Ernest Colastin Menes,vis prezidan nasyonal zantray, nan sektè vodou a pran pozisyon’l parapò ak zak ensekirite byen planifye kap fèt anndan peyi a.

Pou Gran Toryan Zantray la, li pa posib pou moun ap viv nan yon peyi kote wap dòmi yon zye ouvè yon zye fèmen vwa pou ta sikile lib e libè.

Pou vis prezidan an, sa ki enpòtan pou li menm se rive retire tout debri ki gen nan aparèy jistis la, epi ranplase yo pa moun ki onèt epi kredib. Li felisite gouvènman Moise-Jouthe la, ki deside ranfòse jij enstriksyon yo nan jiridiksyon Pòdpè a kote’l soulinye prizon Pòdpè a ki paka resevwa detni ankò akòz li chaje kou leba.

Vis prezidan nasyonal zantray la pwofite mande gouvènman Moise la ogmante efektif polisye yo nan nòdwès yon mannyè pou kontinye lite kont fenomèn ensekirite a nan rejyon an ki deja genyen pou kò’l deja.

Sepandan, Ernest Colastin rekonèt okenn sektè pa pwoteje jounen jodia anba men ravisè ou bandi sangwen yo. Se pou sa li deside ansanm ak kòlèg zantray yo bay yon kout men nan nivo pa yo.

Pou fini, chèf Zantray la lanse yon apèl ak tout vodouyizan, prèt vodou, ak manbo, kote’l mande yo avan yo bay yon moun pwen fò yo chèche konnen kiyès li ye, yon mannyè pou yo pa simen pwen bay bandi sangwen.

Genson Hyppolite

Comments are closed.