Prezidan Gran Kò a anonse yon Gwo Chita tande nasyonal: 3 ak 4 fevriye 2021

232

01/31/21

Pòtoprens_______(TRiboLAND) Apwè yon seri konsiltasyon avèk diferan antite konsène ki mawonde nan kriz politik la, Senatè Joseph Lambert, nouvo prezidan ti miyèt moso sena a, zanmy Jovenel Moise, deside lanse yon dyalòg nasyonal ki gen pou fèt apati 3 ak 4 fevriye pwochen avèk objektif pou delwòtonnen kriz la ki pa sispan bwàse bil peyi Dayiti.

Chita tande anba tonèl lapawoli sa, rive nan yon konteks kote ke tout antite ap trese lèl e jwèt la make plis san sitou nan fen manda prezidan Jovenel Moise la. Objektif prezidan Gran Kò a se arive kreye yon klima lapè ki kapab bay jarèt a yon retou evantyèl lòd konstitisyonèl ak mèyè gouvènans, dapwè yon kominike ki sòti nan anndan Gran Kò a.

Yon evènman kap dewoule nan Tara’s La Sapinière e ki ap genyen kouvèti tout kalite media nan kapital. Lambert ki kwè nan volonte ak kapasite tout aktè konsène yo espere trouve yon konsansis nan mitan yon pakèt dezakò nan benefis jenerasyon sa ak sa ki gen pou vini.

Gen moun ki rete kwè “timing” yon parèy evènman ta sanble vize pou kapote agenda mobilizasyon opozisyon an ki pa soti pou pran nan zizirit anba men yon animal politik ki abitye bay so chat a plizyè fwa!

Comments are closed.