Jan Rabèl: yon group jènn leve kanpe pou di koukouwouj dèyè katèl meri a ki rekondwi

367

Jan Rabel_____(TRiboLAND) Yon group jènn deklare “sera seta” atravè yon leve kanpe jodi mèkredi 15 jwiyè 2020 an, yo pap pran sa nan men Jovenel Moise ki deside pouf è tèt li plezi rekontwi menm katèl initil meri Jan Rabèl la nan figi yo ankò.

Dejean Marc, ansyen Majistra Komenn Jan Rabèl

Pou jènn sa yo bagay ke Jovenel Moise rekondwi yo pat menm egziste. Yo pa absoluman reyalize anyen nan komenn nan pandan tout manda yo sinon ke grate santi e rete tan chèk yo chak mwa ak naje nan kòripsyon. Anplis, sa ki pi tèrib nan desizyon Chèf Leta a, gen 2 manm nan swa dizan katèl la kap viv Etazini.

Mwa jwiyè sa make 33 lane masak Peyizan Jan Rabèl yo; konsa, desizyon pou rekondwi katèl ki gen alatèt li: Dejean Marc, Ebrule D. Norvélus ak Ditanise Dormélus, se yon lòt masak ankò pou moun Jan Rabèl. Majistra san manda a, Dejean ap benyen nan kòripsyon ra gagann, alòske 2 lòt manm yo ap viv nan peyi etranje pandan yap pase moun anba betiz kap peye taks pou lajan antre nan pòch yo, daprè pawòl kèk manifestan ki deklare ke kou sa pap pase; se pa moun ki pa genyen nan Jan Rabèl.

Nap raple komenn Jan Rabèl se pami yon pakèt lòt komenn atravè peyi a kap proteste kont yon seri nominasyon ke chèf Leta a fè pou fasilite yon ekip katèl ki pa’t menm egziste pandan manda yo parèt sou moun ankò. Konsa, gen anpil leve kanpe atravè peyi a pou rele koukouwouj dèyè moun sa yo ki jwenn benediksyon Jovenel pou pèfòmans yo ki negatif zewo.

Konsa, jènn yo deklare ke yo detèmine jiskaske Chèf Leta a resezi’l, paske li pap viv nan komenn la, “se yo menm ki dòmi ak Jan se yo ki konnen ronfle Jan”.

Comments are closed.