Wàyòm-Ini: plizyè moun ponyade nan “Reading” e moun jwenn arestasyon

344

Wàyòm-Ini____(TRiboLAND) Samdi swa sa polis nan Reading, ki a 60 km Lond te sinyale yon entèvansyon grav. Medya lokal yo te rapòte ke genyen plizyè moun ke yo te ponyade. Fòs lòd yo te endike ke yo te poze la pat sou yon mesye kit e sou plas.

Nan yontweet polis lokal yo te konfime yon gwo dram ki rive jodi samdi swa a nan komenn “Reading” a 60 km wès Lond, kapital la nan. Medya bwitanik yo sinyale ke te genyen plizyè moun ke yo ponyade.

Li ankò twò bonè pou drese yon bilan pou yon parèy dram; sepandan le “Guardian” afime ke genyen 3 twa moun ki pèdi lavi yo, tandiske gen plizyè blese e pami yo genyen 2 ki gravman grav. Dapwè sa fòs lòd yo pwesize ke dram nan pase ekzakteman bò kote Forbury Gardens. E yo konfime arestasyon yon mesye ki te sou plas e koulya ki nan detansyon.

Responsab gouvènman bwitanik yo pat pran tan pou reyaji. Pwemye Minis, Boris Johnson, tweete: “Panse m yo ale dwàt a tout moun ki afekte nan dram sa ki pase nan Reading e remèsiman pou sa yo ki te kouri pote sekou.”

Comments are closed.