Mòl Sen Nikola: Yon bandi ki tap simen panik pandan tout yon jounen, tonbe nan echanj kout zàm ak lapolis

220

01/17/21

Mòl Sen Nikola_____(TRiboLAND) Gro van panik tap souple nan komin Mòl Sen Nikola jodi dimanch 17 janvye 2021 an. Daprè repòtè TRiboLAND yo ki te sou plas, yo fè eta de yon jèn gason ki rele Kelvens Forgue alyas Kèkèl ki tap simen anpil panik ak yon zàm nan vil Mòl Sen Nikola pandan plizyè èd tan.

Li te vè 5:00 pm, yon sitiyasyon film cowboy t’ap devlope nan vil Mòl Sen Nikola. Selon kèk temwen, Kèkèl te arive kase tèt yon endividi ki pote non Ti Ga Elitès. Yon lòt vèsyon fè eta de 2 bal ke li te arive bay viktim nan, men ki pa mouri; konsa, lapolis t’ap chèche’l tankou chyen fou.

Ankou, te gen gwo echanj kout zàm ant Kèkèl ak lapolis nan Site Lapè, yon katye popilè nan komin Mòl Sen Nikola. Kèkèl ki te vle fè tèt li pase pou cowboy, kèk ti tan apwè te arive pran plizyè bal e mouri san bat. Alòske yon polisye te arive blese nan yon parèy katchou boumbe!

Comments are closed.