Enkapasite otorite Nòdwès yo okazyone bandi yo ap pran jarèt nan Nòdwès: 2 lòt bis kidnape

302

11\14\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Aprè ke yon group bandi sangwen nan lokalite Joliver, Basen-Ble krible anba bal plizyè pasajè e touye chofè yon bis Hiace nan devanjou yè maten, sansal yo pat ezite kidnape ankò 2 lòt bis Pòdpè “Remito” ak tout pasajè nan zòn Pandi toupre Gromòn ki tap soti fwa sa Pòtoprens.

Bandi yo tèlman konfòtab fas ak yon seri otorite foto kopi ke Jovenel Moise depoze nan Nòdwès ki pa sispann afiche enkonpetans yo devan fenomèn ensekirite a kap pran jarèt chak jou Bondye mete. Bandi Latòti, bandi Sen Lwi Dinò, bandi Chansòlm, koulya bandi nan Basen-Ble se yon seri etap ki montre pa genyen chèf nan Nòdwès e chak jou depatman an ap avanse nan destabilizasyon.

Pouse sèlman do bandi, fè yon tweet, bay konferans ak radote nan radyo ou fè alye ak bandi yo se siyn otorite paswa e enkapab ki pa konprann anyen nan anyen nan fè jwèt desen anime! Nan swa dizan sinèji ki kreye ant diferan enstans nan nan leta a nan Nòdwès, plizyè moun estime ke se “Fo mouvman,” ou te korosòl pou fè timoun dodo, pa gen absoluman anyen antèm estrateji konkrè vrèman pou pouswiv bandi yo jisko bou.

Dayè, gouvènman an pa menm presize ki sa ki “zero tolerans?” Chita ap fè fraz ak mo “zero tolerans,” pa sufi ase; franchman, pouvwa Jovenel Moise la pa konnen ki tèm pou li itilize ankò! Se enkonpetans total ak “line de miel” ant kò gang ak PHTK ki detèmine pou somalize peyi a. Se yon zero tolerans rans!

Malkre efò plizyè inite nan PNH asosye ak ranfò nan Gromòn ki te fasilite liberasyon pasajè bis yo yè aprè midi ki te vandredi 12 novanm nan, Nòdwès bezwen plis ke sa! Li bezwen yon bon kout bale ak pase men nan nivo otorite ki senpleman kontante yo pou yo pouse do bandi san ekstèmine yo, menm jan sa dwe fèt nan nivo nasyonal kote ke pouvwa PHTK a se veritab CHEF GANG ou pandemi peyi a, pa sispann mete dlo nan je popilasyon an.

Jacob Bendalham

Comments are closed.