Nòdwès: Manifestasyon kont ensekirite ak depa prezidan Jovenel Moïse pou 7 fevriye pwochen

403

01/15/21

Mawotyè, Pòdpè_____(TRiboLAND) Jan sa te anonse a, opozisyon politik la nan depatman nodwès la, te rann li nan Mawotyè, 7e seksyon kominal pòdpè, nan kad mobilizasyon ki te lanse atravè peyi a jounen vandredi 15 janvye 2021 an.

Manifestasyon sa a ki te reyini plizyè santèn moun nan Bochan te gen kòm objektif denonse fenomèn ensekirite a answit pote solidarite yo ak sa yo ki viktim atravè seksyon kominal yo epi mande prezidan repiblik la, Jovenel Moïse respekte atik 134 – 2 Konstitisyon an ki te aplikab ni pou depite ak senatè yo.

Manif lan ki te demare bò 10 zè nan maten devan legliz katolik Bochan an, Saint Henry, t al bout devan biwo kazèk la ak divès pankat, bandwòl nan men yo. Kòdonatè kazèk la, Ervilus Monmus deklare menm lwa kite voye depite ak senatè yo ale a se semenm lwa sa a tou ki pral aplike pou chèf leta

Fòk nou di, malgré pa t gen prezans lapolis, manifestasyon an te fini san okenn ensidan. Opozisyon an nan nodwès di yo toujou rete mobilizasyon jiskaske yo rive deboulonnen ekip PHTK nan tèt peyi a.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.