Sen Lwi Dinò ak Ansafolè an dèy: ansyen Depite Jacques Garçon di latè babay

438

03/28/2021

New Jersey______(TRibOLAND) Se maten an nan peyi Etazini, lakay li nan New Jersey, ansyen palmantè pou sikonskripsyon Sen Lwi Dinò ak Ansafolè nan 46èm lejislati a nan lane 1995 pou 1999 anba lobedyans PROP, yon òganizasyon ki danse kole ak Fanmiy Lavalas.

Antouka, si nou ta vle kwè moun ki pwòch defen an, ansyen palmantè te fwape anba yon premye kriz ipètansyon yè vandredi 26 màs 2021 an nan New Jersey. Sa ki pi rèd la, nan mwens ke 48 èd tan, li fwape ankò anba yon lòt kriz ipètansyon ki te makònnen ak plizyè lòt konplikasyon tankou respiratwà. Konsa, yo te oblije san pèdi tan transpòte’l nan swen dijans, kote ke li ran dènye souf li jodi dimanch maten 28 màs 2021 an nan peyi Etazini.

Palmantè a ki te egalman yon ekspè nan gestion administrativ, mouri alaj 55 lane. Li te sèvi ak onètete sikonskripsyon Sen Lwi Dinò ak Ansafolè ki pap sispan rekonèt valè ak konbativite yon sitwayen ki te toujou la pou Nòdwès.! Ke nam li repoze nan lapè!

Comments are closed.