Kafou: Yon Sè Sainte Thérèse de l’Enfant Jésus kidnape

400

01/09/21

Kafou, Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon nòt konstènasyon ke li mete deyò jodi samdi 9 janvye 2021 an, Monsenyè Pierre André Dumas, Evèk Ansavo, Miragwànn anonse anlèvman yon ti Sè Sainte Thérèse de l’Enfant Jésus yo yèswa ki te vandredi 8 janvye nan rezidans Sè yo nan Brochette 99, nan komin Kafou.

Monsenyè Dumas ki swete wè zak kidnapping repunyan sa yo sispann nan peyi Dayiti ki se premye peyi ki te kanpe kont lesklavaj ak trafik moun; mande anpil priyè yon fason pou ravisè yo kapab gen kè nan men. Li kontinye mande bouràd priyè e eksprime solidarite ak Conférence Haitienne des Religieux ki pran yon gro kou.

Selon enfòmasyon yo, CHR ap fè bwas pou arive jwen yon mèyè fòmil pou liberasyon sè relijyez la ki anba men ravisè yo ki reklame 500 mil dola vèt kòm ranson pou liberasyon an.

Konsa, responsab relijye a, Monsenyè Dumas pa sispan mande priyè tout moun nan yon parèy sikonstans. Li rete kwè se nan depose jenou atè, mirak ou delivwans ap fini pa materialize!

Comments are closed.