Lanmò fouye dwàt nan je sèktè edikatif la nan vil Jeremi.

895

08 – 12- 2023

Jeremi Ayiti ( TRiboLAND) Sektè edikatif lan nan Jeremi an dèy. Se ak anpil tristès ap enfòme piblik la, lanmò pwofesè Jean Maurice Michel, ansyen kòdonatè biwo ekzamen Leta a, pou depatman Grandans peyi a.

Pwofesè Michel, pou anpil moun te genyen yon fomasyon ak yon sajès pèsonifye kite pemèt ke li te familyrize l ak tout kouch nan sosyete a; li se yon pilye ou yon poto mitan nan sa ki genyen pou wè ak evolisyon sistèm edikasyon an nan depatman Grandans lan.

Ki donk lanmò pwofesè Jean Maurice Michel, sipwann zanmi, kòlèg travay li yo, sitou nan nivo direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal Grandans. Se yon kout lanmò san klaksonn! Ke nam li repoze nan lapè ak trankilite!

Comments are closed.