Deblozaj nan Wachennton: Joe Biden denonse yon “ensurèksyon,” Donald Trump mande patizan yo antre lakay yo

277

01/06/21

Wachennton_____(TRiboLAND) Deblozaj nan Washington, malgre prezans lapolis, supòtè Donald Trump yo anvayi jodi mèkredi 6 janvye espas Kongrè ameriken an kote seremoni sètifikasyon viktwa Joe Biden nan eleksyon prezidansyèl la.

Imaj kap difuze sou rezo sosyàl montre afrontman avèk lapolis. Itilizasyon gaz lakrimojèn se sa ki pat manke e zàm te riske marye pou tante pouse do anvayisè yo. Alòske seremoni a te oblije sispann nan moman Maison Blanche anonse ke yo pràl voye Gàd Nasyonal pou tante retabli lòd nan kapital la. Vis-prezidan ameriken an, Mike Pence, mande pou vyolans yo kanpe.

“Se yon tentative koudeta ke kriminèl Maison Blanche yo ap ankouraje; men ki echwe,” daprè yon tweet yon demokràt William Pascrell lage deyò lòske li tap fè referans a Donald Trump. “Se pa yon manifestasyon. Se yon tantativ koudeta”, daprè elu demokràt Diana DeGette pandan li t’ap denonse “anachi ke pròp prezidan nou kreye”.

Kouvrefe nan Wachennton! Majistra Wachennton nan, Muriel Bowser anonse enstorasyon de yon kouvrefe apati 18 è (minwi, lè Pòtoprens) jiska demen jedi 7 janvye a 6 è am., daprè sa Muriel Bowser fè konnen nan yon kominike ke li pibliye sou Twitter.

Yon fan pran yon bàl e plisyè lòt moun blese. Mike Pence refize lache bay Donald Trump. Pandan ke seremoni te apènn kòmanse, vis-prezidan Mike Pence anonse mèkredi nan yon lèt pibliye sou rezo sosyàl yo ke li pap opoze sètifikasyon viktwa Joe Biden nan Kongrè a. Se yon gwo kalòt pou Donald Trump ki pa sispan ap mande alye’l yo pou rejte rezilta eleksyon an.

“Nou pap asèpte defèt,” daprè sa Donald Trump deklare pandan li t’ap pran lapawòl devan yon krèy patizan fawouch nan Wachennton avan kòmansman seremoni sètifikasyon an nan Kongrè a. Donald Trump konfime ke li pap “janm” konsidere defèt li nan eleksyon prezidansyèl la. “Nou ranpòte laviktwa nan eleksyon an, e nou fè radmare”, daprè Donald Trump ki t’ap depoze.

Pandan tan sa, prezidan elu a, Joe Biden salye viktwa probab demokràt yo nan senatoryàl Jòji yo ki ta dwe ba li kontwòl Kongrè a. “Li lè li tan pou nou fini avèk paj sa. Ameriken yo mande aksyon ak inite e mwen trè pozitif ke n’ap fini arive fè sa kanmenm,” daprè Joe Biden ki t’ap depoze.

Comments are closed.