MOSANOH reyalize yon seyans fòmasyon sou mityèl solidarite pou plizyè dizèn manm

374
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan kad efò li pou mete sou pye yon estrikti solid ki kapab mobilize sitwayen nan tout nivo nan kominote a, pati politik MOSANOH reyalize yon seyans fòmasyon sou mityèl solidarite, anba leadership Kòdonatè Jeneral la, ansyen senatè François Lucas Sainvil.

Fòmasyon an te rasanble plizyè dizèn manm, ki te montre gwo enterè pou konprann fason yo ka mete tèt yo ansanm pou avanse ansanm ekonomikman, pandan yap respekte prensip solidarite ak onètete.

Ekonomis Exantus, ki te fasilitatè prensipal la, bay yon eksplikasyon klè sou sa mityèl solidarite ye: “Se yon zouti ekonomik ki kapab pèmèt manm yo rekòmanse aktivite, kreye opòtinite, epi amelyore kondisyon lavi yo, depi yo mete disiplin ak bonjan prensip pataj ak responsablite.”

Nan dènye ane yo, kòdinasyon depatmantal MOSANOH a ap travay san pran souf pou sòti nan politik konjonktirèl, epi antre nan yon vizyon estriktirèl. Objektif la se fòme sitwayen responsab, ki kapab jwe wòl aktif nan chanjman sosyal, ekonomik, epi politik peyi a.

Seyans fòmasyon sa a make yon lòt pa enpòtan nan batay MOSANOH ap mennen pou devlope lidèchip kolektif epi mete lasosyete sou yon chimen devlopman dirab ak enklizif. ‎

Share:

Leave a reply