Pè Chepa ak Radyo Marconi inisye distribisyon jwèt pou timoun nan Pòdpè

209

01/03/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan okazyon fèt fen dane 2020 an, Radyo Marconi FM nan konplisite avèk TRiboLAND.com e Pè Chepa Alange Emile ki se Alatèt Kolèj Maximilien nan Pòdpè, yon distribisyon jwèt pou ti moun te òganize nan espas radyo a vandredi ki te premye janvye 2021 an.

Konsa, anpil ti moun ki tap patisipe an liyn ou an dirèt te eksprime kontantman yo lòske yo t’ap entèaji avèk PDG Marconi an ki se Ychmuth Corneille alyas “Rambo,” e avèk Reveran Pè Chepa ki se pwomotè yon parèy inisyativ ki egalman konte mete sou pye yon lòt distribisyon (kaye, valiz, ak bous etid pou etidyan yo) nan etablisman ke l’ap dirije nan vil Pòdpè.

Malgre kantite jwèt yo te limite, sepandan anpil timoun pa sispann fè lanavèt nan perimèt radyo a depi jounen premye janvye a. Konsa, direksyon radyo estime genyen plis ti moun ki nan nesesite jwèt; anpil nan yo te kriye lòske yo te soti bredouy, 2 men e 2 pye yo san yon ti lòzyè jwèt Papa Nwèl!

Antouka, direksyon radyo Marconi ap fè kontinye ap fè bras pou akomode sa yo ki pa arive jwenn yon jwèt. L’ap rele tout sa yo ki renmen timoun e ki enterese bay patisipasyon yo nan kàd satisfè rès timoun yo ki pa sispann kriye pou yon ti jwèt Papa Nwèl. Pou plis enfo, kontakte Radyo Marconi nan 509-37 37 3892.

Comments are closed.