Pwemye Minis Britanik lan teste positif pou kowonaviris

0 275

Pwemye Minis Britanik lan, Boris Johnson konfime ke li teste positive pou kowonaviris e li mete tèt li nan izòlman nan Downing Street, sepandan li toujou ap dirije ou kontwole repons gouvènman an nan sa ki gen pou wè avèk pwopagasyon kowonaviris la.

Johnson ki gen 55 lane, te santi yon seri sentòm modere yè Jedi a, yon jou apwè ke li tap reponn kesyon ak repons sesyon ebdomadè devan chanm Depite a.

‘Mwen te fè yon tès, ki sòti pozitiv”, dapwè sa Johnson deklare nan yon videyo sou tweetè. Mwen devlope lejè sentòm kowonaviris la ki se tanperati ak tous san rete. Konsa, map fè tele-travay. “Mwen izole tèt mwen”, dapwè PM Johnson.

Johnson rapouswiv, “Pa panse ke mwen pa ka kontinye fè travay mwen, gras ak teknoloji, mwen kapab kominike ak tout pi gwo ekip mwen yo pou dirije batay nasyonal la nan bay kowonaviris la repons li”.

Leave A Reply