Senatè Fanm Nò-a Dieudonne Luma Etienne menase pou tradwi devan Lajistis konpayèl li, Senatè Sorel Jacinthe

Pòtopwens__(TRiboLAND) Senatè fanm Nò-a, Dieudonne Luma Etienne menase pou li tradwi devan Lajistis konpayèl li Sorel Jacinthe ki ta akize-l kòm moun ki ta nan dil pike kole san mil dola vèt yon fason pou ta bay jarèt a deklarasyon politik jeneral premye minist nome (nèg kabwit Tekzas la), Fritz William Michel.
Nan yon lèt li te adrese Pwezidan Sena-a, Carl Murat Cantave ki date 13 Septanm 2019 kote ke Senatè fanm Nò a tante sezi men Lajistis pou tradwi Senatè Gran Dans lan, Sorel Jacinthe pou difamasyon ak medizans malpalan ki soti pou sal imaj li ak onè li.
Sa pa gen lontan, Senatè Sorel Jacinthe mete deyò yon seri revelasyon ki ta vannen plizyè Senatè ki resevwa nan men pwemye minist nome-a, yon montan san mil dola vèt an echanj pou voye avegman deklarasyon politik jeneral Mesye Fritz William Michel ki nan mera. Pami senate ki jwenn akizasyon rakèt sal ou jwenn: Kedler Augustin, Wilot Joseph, Jacques Sauveur Jean ak Dieudonne Luma Etienne.
Depi plizyè deseni nan peyi Dayiti, Lapwezidans ak Lejislatif twouve ke li nòmal pou enstitisyonalize zak kòripsyon rakèt ak valiz lajan pasi pala ki pa epanye pwèske oken manm nan kavènn vòl ak ganstè sa ki rele senkantyèm nan ki pa sispann fè dega an Ayiti.






