NÒDWÈS SOU GAD: DELEGE ARNEL AUGUSTE LANSE YON APÈL A VIJILANS FAS AK RISK POU BANDI YO TA CHÈCHE REFUJ NAN DEPATMAN AN

39
0
Share:
TRiboLAND

11/16/2027

Nòdwès, Ayiti ____(TRiboLAND) Fas ak deplasman plizyè manm gwoup ame nan diferan zòn nan peyi a, Delege depatmantal Nòdwès la, Me Arnel Auguste, lanse yon apèl a vijilans bay popilasyon an pou l rete sou gad li. Nan yon mesaj li adrese ak sitwayen depatman an jodi lendi 16 novanm 2026 la, Delege Depatmantal Nòdwès la atire atansyon popilasyon an sou risk pou kèk manm gang ame ta eseye rantre nan Nòdwès pou chèche refij. Li pwofite okazyon an pou l konfime Task Fòs la Depatmantal la deja operasyonèl.

Daprè Me Arnel Auguste, operasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), Fòs Represyon Gang yo (GSF) ak Fòs Lame d Ayiti (FAd’H), k ap dewoule ak sipò peyi zanmi Ayiti yo, lakòz plizyè manm gwoup ame ap deplase kite zòn kote yo te ye yo. Nan lide pou anpeche depatman Nòdwès la tounen yon zòn refij pou moun sa yo, Delege a fè konnen tout estrikti Leta yo mobilize depi plis pase yon semèn. Mobilizasyon sa a enplike ASEC, CASEC, delege vil yo, vis-delege yo, Pakè a, Lapolis, majistra yo ak tribinal yo, ki mete tèt ansanm atravè reyinyon ak prezans sou teren an pou ranfòse sekirite nan depatman an.

Nan menm mesaj la, Me Arnel Auguste mande popilasyon an pa panike, men pito rete vijilan epi siveye nenpòt mouvman sispèk, sitou prezans moun enkoni k ap antre nan katye yo. Li ankouraje sitwayen yo kenbe kontak dirèk ak otorite lokal yo, tankou CASEC ak ASEC yo, pou fasilite transmisyon enfòmasyon epi pèmèt fòs lòd yo entèvni rapidman si sa nesesè. Apèl sa a fèt nan yon kontèks kote otorite depatmantal yo ap chèche anpeche deplasman gwoup ame yo reprezante yon nouvo menas pou sekirite Nòdwès.

Share:

Leave a reply