Al-Shabab fè sote yon bonb deyò yon lekòl nan Mogadisyo : 8 moun mouri e 17 lòt blese grav

1,808

11/25/2021

Mogadisyo, Somali______(TRiboLAND) Yon gwo eksplozyon fèt deyò yon lekòl nan kapital Somali a, Mogadisyo ki lakoz omwens 8 moun mouri pami yo plizyè elèv dapwè plizyè temwen jodi jedi 25 novanm 2021 an.

Antouka, gwoup ki genyen sosis li ki mare ak Al-Qaïda  e ki genyen kontwòl yon bon vale tèritwà Somali nan men li, pat pran tan pout e revandike yon parèy zak.

Gwo sèn lafumen 17 wotè tap moute nan syèl Mogadisyo a pandan yon bon bout tan maten an. Eksplozyon an dekonstonbwe yon bon pati nan strikti lekòl la e sèvis dijans yo te depeche sou plas pou bay viktim yo lamen fòt.

“Nou santi nou reyèlman anba chòk fas ak yon parèy eksplwozyon; tout moun panuke, dekontwole e kò nou te chaje ak pousyè”, dapwè deklarasyon Mohamed Osman, yon pwofesè ki di ke yo te nan mitan yon leson nan moman eksplozyon an fèt.

Selon pòtpawòl lapolis la, Abdifatah Adam Hassan, genyen 8 moun ki mouri pami yo elèv ak 17 lòt ki blese gravman grav.

kredi foto: (Farah Abdi Warsameh/AP Photo)

Comments are closed.