PNH kraze plat atè yon rezo gang nan depatman sid peyi Dayiti

2,340

Okay____(TRiboLAND) Responsab fòs lòd yo nan penensul Sid peyi a anonse jounen jedi 30 desanm nan ke yo arive kraze yon rezo gang ki te achte depatman an lajan kontan.

Konsa, nan yon kout filè ajan PNH yo efektye, yon gang zouti ki gen ladrès nan vòlò machin, motosiklèt ak asosyasyon malfektè kraze plat atè, dapwè komisè Gouvènman Okay la, Ronald Richemond ki konfime transfè 7 malfektè kap reflechi dèyè bawo nan pwizon sivil Okay la.

Comments are closed.