Me kòman ou ka fè bannan vèt mu nan yon ti tan sèlman gras ak yon seri trik ki ase enteresan

295

01/02/21

Pafwa nou anvi manje fig mu alòske se fig ki konplètman vèt ke nou genyen anfas nou. E si nou ta anvi manje fig la fòk se kwit pou nou kwit li e sa ap pran yon bon ti tan. Genyen twà teknik yon moun kapab itilize pou fè yon fig ou bannan ki vèt devni mu nan 2 minut, nan yon èdtan oubyen nan 2 jou.

Nan 2 minut

Mèyè fason ki pi rapid pou fè yon bannan vinnn mu nan 2 minut se dabò: jwen yon microwave. Pran yon fouchèt e fè kèk twou nan bannan nan e pi mete li nan microwave la pou 2 minut sèlman. Osito li fini, bannan nan vin mou e li genyen bonjan gou!

Nan yon èdtan

Me kòman ou ka fè yon fig ou bannan vinn mu nan yon èdtan. Ou bezwen genyen yon fou e plase bannan yo sou gril fou a ki dwe a 150 degre C pandan yon èdtan. Suveye bannan yo pandan yo nan fou a. Apwè èdtan an retire yon nan fou a e mete yo rapid nan yon frijidè pou refwadi. Wap wè se tankou maji; bannan lan ap vinn lage, li fasil pou ou manje’l e li genyen bonjan gou.

Nan 2 jou

Sa se yon lòt fason ou kapab fè bannan vèt vinn mu fasil nan 2 jou sèlman. Jeneralman bannan relache yon gaz ki rele etilèn ki fè li mu pi rapid. Mete bannan nan nan yon sak yon fason pou gaz li degaje a pa chape. Konsa, lap kapab mu pi rapid. E si ou ajoute lòt fwi tankou pòmdetè, mango ou zaboka nan sak la pwosesi maturasyon an ap akselere pi rapid. Nan yon espas 2 jou, bannan ou yo ap pare pou manje preske menm jan ak lòt fwi ki te nan sak la.

Comments are closed.