Yon lòt kou pou Koupe-Dekale: atis ivoryen “Dinosaure 1er “ mouri

508

05/15/2021

Abidjan______(TRiboLAND) Rezo sosyàl yo pa sispan releye enfòmasyon sou atis Koupe-Dekale “Dinosaure 1er  “ ki mouri jedi 13 me 2021 an.

Jiska pwezan koz lanmò atis mizikal ivoryen an rete non-devwale. Sepandan kèk nan foto kap sikile yo ta montre ke li te vrèman malad. Antouka, sila ki te repran gwo konsè “Kpangor” krache dife DJ Arafat a, di orevwa e kite yon gwo vid nan ran fanmiy ak aktè kiltirèl ivoryen an, patikilyèman fanmiy mizikal Koupe-Dekale a. Nou swete atis la yon bon travèse!

Sa pa gen lontan depi ke fanmiy Koupe-Dekale te pèdi wà DJ Arafat ki te genyen yon enòm popilarite mizikal sou Wès Afrik a te mouri nan yon aksidan machin.

Comments are closed.