KotDivwa: komemorasyon 60 lane endepandans transfòme an protestasyon kont yon twazyèm manda Ouattara

396

Abidjan____(TRiboLAND)  Olye pou yo ta komemore 60 lane endepandans Kotdivwa, jènn yo ki seryezman opoze fas a yon lòt twazyèm manda pou Alassane Ouattara, te prefere desann nan lari, espesyàlman nan komen Yopougou pou eksprime mekontantman yo. Jèn sa yo ki te ankolè te plase kawoutchou anflame an divès kwen nan komen Yopougon, patikilyèman nan katye Gesco ak nan plizyè lòt lokalite.

Sepandan, bò kote opozisyon an, li pa kesyon pou Alassane Ouattara vyole konstitisyon an e pou parèt tèt li pou yon lòt manda prezidansyèl. Dènye anons Ouattara pou bride yon twazyèm “round” yè jedi 6 out la, leve plim sou do jèn nan opozisyon an ki manifeste jodi samdi 8 out 2020 an nan Yopougon, daprè KOACI.

Yè vandredi a, lapolis repouse ak gaz lakrimojèn anpil patizan ansyen prezidan Laurent Gbagbo ki tap reklame retablisman dwa vot Gbagbo devan syèj Komisyon Elektoral Endepandan an.

Pou patizan RHDP yo, se gwo selebrasyon fas a desizyon chèf leta a pou pote’l nan prochèn eleksyon prezidansyèl yo. Ouattara deklare, “se yon gwo sakrifis li pral fè yon fason pou li kapab pèmèt peyi a jwi yon stabilite ki djanm”.

Comments are closed.