PNH: Léon Charles bat bwavo pou bwavou polisye yo

326

12/30/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Dirètè a.i. Polis Nasyonal Dayiti a, Léon Charles mete chapo ba devan kouraj polisye yo nan yon konjonkti ki reyèlman difisil. “Map toujou rete solidè ak tout polisye’m yo antan ke kòmandan an chèf PNH la,” daprè Léon Charles ki tap depoze.

 Alatèt la tou yon lòt bò, raple tout polisye ki deja okouran de tout yon seri pwensip ki reglemante operasyon yo. Nan yon mesaj ke li pibliye, Charles ankouraje polisye yo pou respekte nòm lapolis la ak dwà moun pandan ke yo ap jwe wòl yo antan fòs lòd ki gen pou devwa pwoteje vi ak byen moun.

Se pa gen lontan depi ke Léon Charles te deklare sou yon radyo nan kapital la ke li pa pè òganizasyon dwà moun yo anndan peyi a. Li deklare, li menm tou kapab defann tèt li tou; sepandan, li ba yo yon mizangàd pou yo pa fabwike manti nan rapò ke yo ap drese yo.

Comments are closed.