Etazini: Gro manifestasyon atak onorab 6 janvye 2021 pwochen pou bay Trump jarèt

320

12/29/20

Wachenntonn______(TRiboLAND) Donald Trump ap miltipliye efò ak presyon pou pa kite Kongrè a valide viktwa Joe Biden nan eleksyon prezidansyèl yo; konsa, li envite tout patizan’l yo nan yon gro rasanbleman 6 janvye pwochen nan Wachenntonn.

Yon pakèt krèy moun prevwa pote kole nan lide pou bay jarèt ak lide lidè sòtan an ki pa sispan adrese akizasyon frod elektoral masiv san fondman sou eleksyon 3 novanm 2020 yo.

“Nap gen pou wè Wachenntonn, 6 janvye. Se pou nou la wi,” se yon envitasyon Donald Trump tweete pandan 2 fwa bay tout patizan’l yo weekend dènye pou envite yo pote kole nan yon gro rasanbleman san parèy kont pi gro frod istorik ke peyi a pa janm konnen, daprè li.

Anpil group vyolan tankou milis ekstrèm dwàt “Proud Boys” ap gen pou okipe beton divès ri nan kapital la menm jan sa te fèt 12 desanm dènye; yon sitiyasyon ki te dejenere e okazyone plizyè moun  te ponyade e arete.

6 janvye pwochen, vis-prezidan Mike Pence ap genyen pou mennen yon sesyon nan Kongrè a yon fason pou sètifye vot kolèj elektoral la pou chak Eta Ameriken yo. Trump ak tout patizan’l yo vle mete presyon sou Mike Pence key o panse ki ta dwe voye jete sètifikasyon elektoral eta ki pou Joe Biden yo.

Nap raple, Joe Biden te ranpòte eleksyon yo avèk 306 gro elektè alòske Donald Trump 232. Sepandan, prezidan sòtan an kontinye ap taye yon seri akizasyon frod masiv e depoze yon senkantèn plent atravè Etazini ke anpil tribunal voye jete nan yon kwen.

Comments are closed.