Michel Martelly pran kowonaviris la!

318

12/29/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Daprè yon nòt ki arive jwen sal redaksyon TRiboLAND lendi 28 desanm 2020 an, staff management group Sweet Micky anonse anulasyon tout yon krèy aktivite muzikal ki te prevwa pou fen dane a akoz kontaminasyon kowonaviris chantè Michel Martelly.

Konsa, selon staff management lan, li t’ap iresponsab pou chantè a ta mete andanje vi kolaboratè li yo, fanatik ak piblik li yo andanje.

Group Sweet Micky kontinye ap mande popilasyon ayisyèn nan pou kontinye jès baryè yo yon fason pou limite pwopagasyon kowonaviris la. Group la prezante mèyè ve li a tout popilasyon an alawonnbadè!

Comments are closed.