Mèvèy natirèl Pòtoriko a, Punta Ventana kolaps anba yon tranbleman de tè 5.8 manyitid

0 567

Pòtoriko___(TRiboLAND) Yon 5.7 gwoudou gwoudou sekwe Pòtoriko, tèritwa Etazini jodi 6 Janvye 2020, andomaje divès bildenn e plizyè zònn eksperyans wòch degrengole vide atè.

Depi 28 Desanm 2019, yon seri tranbleman de tè pa sispann fè santi yo nan Pòtoriko patikilyèman nan zònn Sid zile a. Dènye manifestasyon latrenblad yo pa fè twò gwo domaj; sepandan, 2 stasyon tankou Guanica ak Yauco te lakoz ratman elektrisite, dapwè otorite enèji yo.

Punta Ventana, avan e apwè

Punta Ventana ki vle di “Pwen Fenèt”, se youn nan mèvèy natirèl Pòtoriko te jwenn anpil sekous jiskaske li tonbe byen bonè nan maten Lendi 6 Janvye a ki se konje ou selebwasyon Jou 3 Rwa Maj sou zile a.

Leave A Reply