Yon Kadejakè pral pase rès vi li nan pwizon pou vyolans seksyèl sou yon fanm ayisyènn ki gen 65 lane

214
0
Share:
TRiboLAND

Fort Myers / Florida___(TRiboLAND) Apwè yon 2 jou jujman nan Kontre Lee nan Florida, yon tribinal jwenn James Cochran Jr., 33, koupab kote li gen pou l fè fas ak yon santans lavi etènam nan pwizon akoz zak ak vyolans seksyèl ak kasèt kay ak men ame li te komèt sou yon pèsonaj 65 lane nan mwa Dawou 2018 nan Fort Myers.

Viktim nan ki se yon pèsonaj ayisyènn 65 lane ki tap vizite pitit gason li nan Fort Myers, kote ke krim nan te pèpetre 27 Dawou 2018, dapwè biwo Pwosekitè Jeneral la. Li te nan kay la pou kò li e li tap fè lesiv nan yon tonèl garaj rezidans la lòske Cochran pwezante sou yon bisiklèt, genyen nan men l yon bwa gita, dapwè Pwosekitè Jeneral la. Li tap eseye pale an Anglè avèk pèsonaj la ki pat kapab konprann li.

James Cochran Jr

Cochran te pwofite rale yon revòlvè sou viktim nan e pouse li pandan li tap bat pou antre anndan kay la. Li pouse viktim nan antre anndan e komèt vyolans seksyèl sou li anba menas zam. Inite Envestigasyon ak Rekuperasyon Polis Fort Myers te arive kolekte tras ADN sou rad viktim nan e nan yon papye napkin ke yo te jwenn nan ruyèl la. Evidans foranzik yo konekte Cochran ak zak malonèt yo.

Konsa, li te jwenn arestasyon e viktim nan an mezi pou idantifye l fasilman. Cochran voye jete krim nan pandan li rekonèt li te atake viktim nan men se te yon aksyon konsansyèl.

Share:

Leave a reply