Yon aktivite latè tranble 6.3 magnitid sekwe Filipin

196

12/25/20

Manil_____(TRiboLAND) Yon aktivite goudou goudou 6.3 magnitid sekwe rejyon Mindoro nan Filipin jodi vandredi 25 desanm 2020 an, daprè Enstitu Volkanoloji ak Seismoloji Filipin (Phivolcs).

Daprè Sant Meditèrane Seismolojik Ewopeèn (EMSC), aktivite latè tranble a te manifeste ak yon profonde 144km. Sekous yo te fè santi yo jous nan rejyon kapital la, Manil.

Selon sa Phivolcs rapòte, pa genyen domaj men genyen posiblite pou genyen replik. Pa genyen egalman oken avètisman tsunami.

Comments are closed.