Ayiti kalifye pou pwogràm viza H-2A ak H-2B peyi Etazini a pou ane 2022 an

2,052

11/09/2021

Wàchennton________(TRiboLAND) Depatman Deta Ameriken nan tèt kole avèk depatman sekirite enteryè peyi Etazini, anonse sis nouvo peyi ki ofisyèlman pwàl entegre pwogràm viza H-2A ak H-2B pou ane 2022 a, selon sa ki di nan yon kominike ki soti jodi madi 9 novanm 2021 an.

Pwogràm sa pwàl pèmèt konpayi ameriken yo fasilite resòtisan peyi tankou: Bosni Erzegovin, repiblik Dayiti, repiblik dominikèn, repiblik Chip, Sent Lusi ak Lil Moris jwen opòtunite anplwà.

Pwogràm viza H-2B a ap fasilite ajan anbochaj ameriken yo reponn ak kèk egzijans legal byen detèmine pou Mennen yon seri etranje antre vinn travay nan peyi Etazini nan yon seri sèktè ki pa agwikòl. Ajan ou konpayi ameriken yo ap genyen pou ranpli yon petisyon (fòm I-129) pou yon travay ki pa pou imigran pou travayè candida konsène a.

Comments are closed.