Kliyan BNC nan nòdwès ap moute yon maswife ak sèvis iritan e santralize enstitisyon bankè a

297

12/25/20

Pòdpè______(TRiboLAND) Kòman pou yon enstitisyon bankè ki egziste an fonksyon kliyantèl li e ki pa sispan fè fòtin sou ren do yon seri sitwayen pa kapab arrive delivre yon sèvis adekwàt ou respektif.

Spèktak group kliyan tout kalite ke moun ap obsève chak jou Bondye mete nan antouraj espas ki loje inik enstitisyon bankè Banque Nationale de Crédit (BNC) nan depatman Nòdwès la, montre iresponsablite ak ensansiblite otorite yo nan fason yo trete sitwayen ayisyen an. Fil mare imènn sa ki genyen malere (anplwaye piblik e komesan) tout kalite ki riske lavi yo sou konbyen kilomèt wout (Jan Rabèl, Mòl Sen Nikola, Bonbadopolis, Bèdeèn, Sen Lwi Dinò, Ansafolè, Basen Ble, Latòti e latriye) lanfè ak asasen, revòlte konsyans anpil sitwayen konsekan nan popilasyon Nòdwès la.

Moun sa yo ki soti nan diferan rejyon nan Nòdwès peyi a oblije pati lanwit pou arrive sekirize plas nan yon liyn moun san limit, kote ke yo kapab pèdi 4 a 5 èdtan nan seren, nan solèy e pafwa nan lapli. Li difisil pou yon moun konpran yon tèl mantalite antèm “Business Management,” kote ke kliyantèl la se wà! Li ta dwe byen trete e menm egzije yon sèvis klasik ki reponn paralèlman ak nòm “sèvis kliyantèl,” “operasyonèl” yo ki makonnen ak enòmite pwofi ke BNC ap fè pandan 41 lane sou yon popilasyon ki deja ap patoje nan mizè.

Elas! Nan tan nòmal, yon tranzaksyon bankè pou plizyè sitwayen kap viv nan rejyon rekile yo nan Nòdwès kapab pran jiska yon jou ou 2 jou. E sakrifis ou lajan ke deplasman yo koute, depase plis ke sèvis ke sa sitwayen yo ap chèche nan bwàt BNC a kotidyènman nan vil Pòdpè.

Li evidan, anpil sitwayen nan Nòdwès pa sispan antrepran demach nan pi wo nivo leta a pou fasilite enstitisyon an pote sèvis la bay kliyan yo de preferans. Sa vle di, kreye yon seri satelit ou sant extention de service BNC nan diferan kontre sa yo pou yon pi bon akomodasyon. Malerezman, se te pou antre nan zorèy dwàt pou soti nan zorèy goch responsab etatik yo!

Li enpòtan pou Konsèy Administrasyon BNC a revize kalite sèvis li antèm service à la clientele ke l’ap delivre nan Nòdwès. Yon sèvis kap delivre atravè yon inik bank pou tout yon depatman. Se yon veritab “sèvis iritan ki remete an kesyon kalite pwodwi ou sèvis prè ou kredi enstitisyon an nan Nòdwès.

Si BNC ki se premye bank komèsyal ayisyèn ap byen pase nan kapital la oubyen nan kèk lòt depatman; kontrèman nan Nòdwès, li ogmante kèk fwa mizè rere sitwayen yo pou egzekite yon senp transaksyon bankè.

Comments are closed.