Me kisa TRiboLAND konnen osijè Thamara Polo, yon jèn ayisyèn kap pran fòmasyon nan yon baz naval militè nan Ajantin

2,907
  • Gras ak yon bous detid bò kote gouvènman peyi Ajantin nan, Thamara te benefisye yon asistans ki estime a $128, 000.
  • Thamara genyen mwens ke 5 mwà depi ke li entegre lekòl Naval Militè Ajantin nan, gras ak demach Anbasadè ayisyen an Doktè Vilbert Bélizaire. Kadèt ayisyèn nan ap bezwen 5 lane pou boukle sig etid li nan lekòl la nan peyi Ajantin.
  • Nan mwens yon lane kadèt la deja metrize lang panyòl avèk anpil abilite e prèske fini ak pwemye ane etid li.
  • 8 Avril 2022 dènye nan Puerto Madero, bousyè a te benefisye prezans Kò diplomatik Ayiti an nan peyi Ajantin nan kad gro evenman ki tap dewoule sou gro Fregat Lame Repiblik Ajantin nan “LIBERTAD”.
  • Yon gro seremoni dewoule yè samdi 11 jwen 2022 a nan kad remèt kouto ak inifòm bay tout kadèt lekòl la.
  • Anbasadè ayisyen an, Doktè Vilbert Bélizaire te fasilite deplasman pou supòte etidyant lan nan moman li tap resevwa “kouto” ak “Inifòm” nan men Kont-Amiral Marcelo Tarapo.
  • Pami 117 kadè e kadèt, Thamara demontre yon modèl konpòtman ki enpresiv, dapwè responsab enstitisyon militè a.

Comments are closed.