Lidè RSD a, Victor Benoit mande pou tout sitwayen ayisyen kale je yo pou respè atik 134-2 manman Lwa Peyi a ki klè sou ekspirasyon manda prezidansyèl Jovenel Moise la

206

12/20/20

Pòtoprens______(TRiboLAND0 Victor Benoit ki se lidè Rassemblement des Sociaux Démocrates (RSD) ankouraje tout popilasyon an veye anro, veye anba yon manyè pou pa genyen dap piyanp sou atik 134-2 konstitisyon ki gen pou wè avèk manda konstitisyonèl Jovenel Moise la kap bout nan kèk jou kap vini la.

Daprè lidè Benoit, gouvènman Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a, deja komèt yon pakèt zak diktatè ki montre san krate tèt ke li pare pou mete tout bagay anplas pou enstore yon diktati koupyon ki pi koryàs ke Francois Duvalier. “Si nou ta gen malè nou kite Jovenel Moise janbe lizyè manda’l la kap di orevwa 7 fevriye 2021, nan kèk jou ankò, kafe tout moun nan peyi ap koule ak ma, e se va trokèt la,” daprè lidè Rassemblement des Sociaux Démocrates yo ki tap depoze.

Antouka, Benoit mande pou tout latriye krèm politik peyi a konsantre fòs yo nan yon sèl tèt kole pou ofri yon altènatif pou bay jarèt ak yon transisyon demokratik ki pou divòse ak sistèm kansè e remanbre refondasyon leta.

Yon parèy transisyon, selon Mesye Benoit dwe mete toutouni ou kat sou tab, revandikasyon fondamantal ak preokipasyon sitwayen ayisyen an nan kàd respè ak dwà moun, jistis, e sekirite jan demokrasi mande’l.

Comments are closed.