Manifestasyon: Plizyè kwen nan peyi-a mande depa Jovenel Moise

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon jounen ki chaje avèk sakad manifestasyon popilè pou reklame depa Jovenel Moise. Plizyè santènn moun ki te pwan wout Delmas tap manifeste e lage koukouwouj pou mande depa Jovenel Moise ke yo konsidere kòm yon enkilpe ak yon enkonpetan ki kontribye a efondreman peyi Dayiti. Malgre lapli, manifestan sa yo ki te soti nan Site Solèy, Ba Delmas ak anpil lòt zònn nan kapital la, te reponn masivman apèl leve kanpe divès manm opozisyon an te lanse pou jodi Vandredi 20 Sèptanm la atravè peyi-a. Sepandan nan zònn Kafou Ti Fou gen yon manifestan ki mouri ak 2 lòt ki blese pandan yon RAV 4 wouj matrikile BB 98471 pase simen bal sou yon pèp ki te senpleman ak pwoteste pou grangou ak mizè.
Yon lòt bò, moun Sen Mak pat rete endiferan fas a joune mobilizasyon sa ki te reyini plizyè milye manifestan ki tap siyone tout vil la e drese barikad depi 10 zè nan maten. Sou tout pakou yo, yo tap lanse pwopo devègonde kont pwezidan Jovenel Moise ki deklare lagè kout pèp Ayisyen. Manifestan yo pat epanye biwo Depite Samuel Dhaiti ke yo te pwan daso ke pi devan yo ta pwàl sakaje e ensandye.
San konte plizyè lòt vil ki te an boulvès jodi 20 Septanm 2019 la, Kap Ayisyen, se te yon veritab mouvman Sunami enkontwolab ki bay fòs lòd yo anpil difikilte. Bwanch bwa, barikad anflame, pankat, mizik vaksenn ak pawòl piman bouk ki tap reklame pwosè Petwo Karibe ak depa pwezidan Jovenel Moise ke yo kalifye kòwonpi ak enkonpetan. Kantite moun ki te pwan lari nan Okap jounen mobilizasyon jeneral sa, demontre ke pèsònn moun pa jwe ak kriminèl Jovenel Moise la.






