Ministè Sante Piblik ak Popilasyon ouvè yon sant depistaj pou kovid-19 nan ayeropò entènasyonal Toussaint Louverture

235

12\19\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Akoz epedemi kovid-19 la ki kontinye ap bay plizyè rakle nan divès rejyon sou planèt la, gouvènman ayisyen ap kontinye fè bras pou anpeche viris la kontinye layite kò li, daprè minis Sante Piblik ak Popilasyon an, Doktè Marie Greta Roy Clément ki tap egzòte popilasyon an nan moman inogirasyon yon sant depistaj kovid-19 nan ayeropò entènasyonal Toussaint Louverture vandredi 18 desanm 2020 an.

Sant depistaj sa ki ekipe avèk 6 kaban pral ap repon ak yon kapasite akèy de 6 moun; e li pral sèvi kòm transit santinèl ki pou anpeche aparisyon yon lòt vag viris rive anndan peyi a.

Doktè Clément ankouraje raposwiv jès baryè yo e mande popilasyon an fè tout sa ki kapab pou evite yo pran maladi a.

Comments are closed.