Wachennton: Anbasàd Dayiti demanti tankou chyen rumè disparisyon magogo lajan resèt konsula a

229

12/19/20

Wachennton_____(TRiboLAND) Aprè yon dividal rumè ki ta vle fè kwè ke genyen yon gro bou lajan ki disparèt nan anbasàd ayisyen an nan Wachennton, diplomat ayisyen yo fè sòti yon nòt vandredi 18 desanm nan pou demanti kon chyen fou alegasyon sa yo.

Anbasàd ayisyen an nan Wachennton deklare pa genyen kesyon disparisyon yon magogo resèt konsula ki ta vreman disparèt; pa gen sa pyès! Se yon veritab machin ki pran yon malen plezi pou sa’l imaj administrasyon misyon diplomatik ayisyèn nan.

Kò diplomat ayisyen an te menm etone apran ke yo ta menm akize administratè yo a ki ta akize yon ansyen ofisisyèl ki ta sanble benefisye transfè magogo lajan sa, daprè otorite anbasàd la ki kondane avèk tout fòs li piblikasyon ou zak vagabondaj sa yo ki pa kanpe sou anyen.

Comments are closed.