Yon batiman ayisyen echwe ak 150 jiska 200 migran nan zòn Key Lago nan Florid

227
0
Share:
TRiboLAND

03/06/2022

Key Lago______(TRiboLAND)  Dapwè biwo sheriff konte Monroe a, 150 jiska 200 migran ayisyen arive atrape sou yon batiman nan zòn Key Lago jodi dimanch 6 mas 2022 a.

Li te vè 1:20 p.m. lòske responsab biwo sheriff yo te jwen lòd pou yon patwouy fontalyè ak FWC ale ede yon batiman ki te echwe sou zòn Ocean Reef, Florid.

Kek nan migran yo tap eseye trese lèl alanaj e te menm gentan rive atè san kontrent. Sepandan, genyen youn nan migran yo ki te oblije transpòte lopital, alòske yo pa menm di l pouk isa.

Jiska pwezan, otorite yo poko anonse ki kantite nan migran sa yo ke yo plase an detansyon.

Share:

Leave a reply