Pò Lafito: gro zam fann fwa pa pakèt arrive sezi

143
0
Share:
TRiboLAND

12/17/20

Pòtoprens______(TRiboLAND) Ajan dawn yo nan tèt kole avèk brigad pou lute kont trafik stipefyan (BLTS) fè men miz jodi jedi 17 desanm 2020 sou yon gro chato zàm fann fwa nan pò Lafito ki pa sispan fè pale de li.

Gras ak vijilans chyen flere detèktè Direksyon Santràl Polis Jidisyè a, otorite yo te arrive mete men sou yon seri gro zàm latroublay otomatik gran kalbi san konte yon latriye chajè dezagreman ki te byen anbale anndan yon seri aparèy televizyon.

Zam tout kalite pa sispan soti nan peyi Etazini pou antre lib elibè anndan tèritwa Desalin nan  ki pa sispan  anglouti nan lanfè krim.

Share:

Leave a reply