Bianca Gauthier: anlve yè swà san onè san tras nan Santo

222

12/17/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Bianca Gauthier, yon jèn ki apèn fini etid inivèsite, arive boske anba sovajri 2 nèg ame non-idantifyab mete men sou li anumilitari nan moman li tap soti nan yon restoran ki vann pwason sou wout Bon Repo nan Santo.

Prezime bandi yo ta ale avèk machin Bianca tou ki se yon nissan ki imatrikile BB 42974.

Bianca ki kòmanse yon ti biznis avèk yon asosye, te apènn soti rankontre biznis patnè a ki te mande’l akonpanye’l sou wout li, daprè Monalisa, yon gran sè Bianca ki alame e ki deklare ke fanmiy lan tounen mòlòlò fas ak yon parèy nouvèl alòske yo poko resevwa oken kout fil ravisè sangwen yo.

Comments are closed.