Ak Sipò PNUD Gouvenman an plas la via Ministè Enteryè realize 2 jounen konsiltasyon sou keksyon CNDDR/SNDDR-RVC

1,045

02-18-2023

Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Jan sa te anonse a sou wo patwonay pwogram nasyon zini pou devlopman (PNUD) an konplisite avèk biwo entegré nasyon zini nan peyi Dyiti (BINI), Primati atravè Ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal (MICT), Prezidan komisyon nasyonal dezameman ak re-ensèsyon (CNDDR), ak ansyen kolonèl Edwin Florexil te tanmen gro chita tande nan Kaskad Club pandan 2 jou. Antite sa yo ki te reprezante yon kòlònn te bras elide ak manm òganizasyon sosyete civil la, chèf sevis piblik yo ak manm komisyon kominal yo kite sòti nan 14 kwen depatman Grandans lan.

Objektif la se te: pwan doleyans ak pwopozisyon ansanm sektè oganize sa yo sou evantyèl operasyon pou dezame gang yo kap opere san kè sote nan 4 kwen depatman Grandans lan.

Ansyen kolonèl Edwin Florexil

Selon Prezidan CNDDR lan ki se ansyen kolonèl Edwin Florexil di nan mikro TRiboLAND Medya /Netwok, travay sa genyen yon pòte konsiltatif, se gouvenman Doktè Ariel Henry a ki enskri li nan kad SNDDR-RVC, plan estrateji nasyonal kite apwouve sou premye minis Doktè Claude Joseph, nan mwa jwen 2021 nan objektif pou te arive redwi vyolans yo nan sosyete a.


Anpil bwase lide te tamen; alòske pwopozisyon sa yo te pran jounen jedi 16 ak vandredi 17 fevrye 2023 a. Diferan fòs viv depatman an kite reponn prezan, swete se pa yon kòb ke ansanm enstitisyon gouvenmantal ak non gouvenmantal sa yo bezwen jistifye ki pouse yo oganize yon parèy Foròm Konsiltasyon. Depweferans, yo swete konsiltasyon ak done ke yo pran yo pa jete nan poubèl.

Comments are closed.