Group gang sangwen “Krache Dife” egzekite e bwile 2 moun nan ri Doktè Obri ak ri Dè Fronfò

307

12\15\20

Pòtoprens______(TRiboLAND) Yon lòt krim manje dan ke group gang sangwen “Krache Dife” kòmèt nan kapital la jodi madi 15 desanm 2020 an, soulve kòlè ak endinyasyon nasyon ayisyèn nan ki pa sispan rete inaktif fas ak bandi sangwen ki kontinye ap etèn souf yo.

Zak odyeu sa ki pase nan aprè midi a sou zòn ri Doktè Obri ak ri Dè Fronfò sou Belè a kelke kilomèt palè prezidansyèl kraze a, pote anprent krim santikri alye G9 la ki egzekite anba kout kouto yon elèv filo Lise Petyon ak yon pèsonaj fanm pou bon plezi yo san oken fòm prosè.

Krim sa yo pa sispan soulve nan jou sa yo enkyetid yon pakèt enstitisyon dwà moun ki estime gouvènman PHTK a pa sispan moutre aklè men li tranpe byen fon nan zak kidnapping ak monte yon seri krim wonte sou prop sitwayen ayisyen yo.

Ke nanm inosan sa yo vizite chak jou bandi ak manm PHTK yo ki ta sanble touye plis moun ke dicktatè Divalye a.

Comments are closed.