Otorite ayisyèn yo ta sanble ap fè konfyolo pou fè biznis-transpò ak bato El Shadaï dèyè do lalwà

1,194

01-16-2023

Kap Ayisyen, Ayiti ___(TRiboLAND) Otorite Okap nan kònivans ak Leta Ayisyen, yo ap itilize bato El Shadaï ki nan men yo ilegal depi kèk tan.

Otorite PHTK ki fè tèt yo pase kòm enstans ki supase lalwà, pran yon malen plezi itilize bato nan kad biznis-transpò ant Okap ak Pòtoprens. Se konsa, jounen dimanch 15 janvye 2023, nèg Okap deja anbake sou bato El Shadaï chaloup ak plizyè lòt bataklan e ta fè tantativ pou pran direksyon Pòtoprens ak batiman an.

Ekip avoka kap defann batiman an denonse e kondane ak tout fòs li yon parèy zak malonèt sispèk ke yon seri antite PHTK, ki kache dèyè gouvènman Ariel Henry, kap foule lalwà anba pye; alòs depi yon bon bout tan, te deja genyen desizyon jistis ki te sòti an favè bato a nan dat 23 dawout 2022.

Olye bandi legal yo remèt bato a, yap chèche satisfè nèg Pòtoprens pou vòlè bato El Shadaï anba yon pakèt pretèks gren senk. Se konsa, pwopyetè ak Avoka El Shadaï ansan ak bato Miss Lili, genyen gwo enkyetid nan konpòtman belijeran ak òlalwà otorite Kap Ayisyen ak Pòtoprens yo.

Nap raple ke, APN ak tout Gadkòt nan Okap te deja di se pa yo ki kenbe bato El Shadaï ak tout Miss Lili, men pito se gwo palto nan gouvènman Premye Minis defakto ou enkilpe Ariel Henry a; yo jis ap veye yo. Daprè divès sous nan Okap, yap chèche antre Pòtoprens ak bato El Shadaï ak Miss Lili, nan lide pou pran yo dèyè do la lwà. Abò bato El Shadaï te gen anviwon 7000 galon gaz, daprè envantè ki fèt an detay, moun kap siveye deklare majorite gaz sa disparèt; pa menm gen yon kantite ki evalye a 1000 galon ki ta rete. Malgre bato Mis Lili te rive anpan, nèg yo pa brenzeng menm pou ta remèt li. Men pito kontinye itilize El Shadaï pou remoke li, jan sa te fèt lè yo te vin pran yo Pòdpè.

Ojektif mafya apatrid yo, se mete bato yo nan vant ozanchè ant bandi legal PHTK, yon fason pou fè batiman yo pase kòm byen pèsonèl yo; se menm bagay yo fè nan fè dap piyand sou rezidans ak tè yon pakèt sitwayen pròp e pezib anndan peyi Dayiti.

Si moun Pòdpè espere rejwenn bato yo pou desèvi yo, espwa yo prèske kaba paske gwo palto nan Leta ki vle fini ak tout moun nan peyi a, detèmine pou pran bato yo pou satisfè PHTK ki ta genyen anpil pou wè ak trafik zam nan Nòdwès peyi. Yap pini mèt bato yo, paske se yo ki te devwale ou envite lapolis ak lajistis pou vini envèstige kagezon zam ak munisyon ki te abò pròp batiman yo!



Comments are closed.