Plizyè Senatè pwòch gouvènman Jovenel la ap kouri kite peyi Dayiti youn apwè lòt

0 567

Fòt Lodèdal__(TRiboLAND) Plizyè Senatè ki te konnen danse kole ak pouvwa Jovenel Moise la kòmanse santi chalè popilasyon an ki endekse plizyè nan ofisyèl sa yo kòm moun ki konplis nan eta somali yo lage peyi Dayiti. Selon yon seri sous ki kredib bò kote pwòch gouvènman an ki pwèt pou akize mawonè sa yo ki kouri kite patizan Jovenel yo nan batay la poukò yo.

Enfòmasyon ki kredible fè eta plizyè Senatè repiblik la, ki te pwòch pouvwa-a vòltije kouri antre nan kanpe lwen pa pwoche sou pwetèks yo malad e yo oblije antre nan Florid pou wè doktè. Pami Senatè sa yo, ta sanble genyen nan Senatè Nò ak Nòdwès ki chwazi venn fè mawonaj nan Florid, pi pwesizeman nan vil Fort Lauderdale, kote ke yo konte envèsti nan biznis imobilyè, dapwè yon sous familyàl.

Konsa Senatè Nòdwès sa yo ki poko ditou bay pèp Nòdwès la esplikasyon sou divès aksyon degradan nan Pòtopwens san konte lòt gwo dosye kòripsyon ki pandye sou tèt yo, chwazi pou kouri kite peyi-a sou pwetèks maladi, alòske moun wè yo gwo midi nan plizyè kwen nan Florid ap flannen nan machenn zanmi.

Leave A Reply