Ayiti ouvri yon anbasad nan peyi Maròk

254

12\12\20

Rabat, Maròk_____(TRiboLAND) Repiblik Dayiti ouvri jodi, 12 desanm nan yon anbasad nan kapital peyi Maròk, Rabat.

Selon Ministè afè Lòt Bò Dlo peyi Maròk la, Nasser Bourita, vis-presidan inogirasyon seremoni an e avèk konpayèl li, Dr. Claude Joseph. Tou de diplomat yo deja fè aranjman pou inogire nan weekend sa, yon konsul jeneral nan Dakla, zòn sid Maròk.

Nouvo anbasab sa pral fè dezyèm anbasad diplomatik ayisyen nan kontinan afriken, aprè sa ki deja nan Pretorya, Afrik Disid.

Inogirasyon anbasad ayisyen an kap fèt jodia, vini kèk semen aprè ke Ayiti te anonse entansyon li pou louvre yon reprezantasyon diplomatic nan zòn provens sid peyi Maròk yo. Objektif la, se wè kòman Ayiti kapab bay peyi Maròk jarèt an tèm entegrite tèritoryàl. E lap kapab tou, fè Ayiti premye peyi non-afriken ou non-arab ki ouvri yon reprezantasyon diplomatik nan rejyon an.

Yè vandredi 11 desanm 2020 nan, osito ke li te antre nan Rabat, minis Afè Lòt Bò Dlo ayisyen an reyitere supò gouvènman ayisyen an pou souverènte Maròk nan Wès Sahara a. “Nou supòte, tankou nou te deja klèman anonse’l, entegrite tèritoryàl Maròk,” daprè Claude Joseph nan fen diskisyon yo avèk Bourita.

Tou 2 peyi yo konsidere tèt yo kòm 2 bon patnè ki pral fasilite bonjan relasyon bilateral grese sere. Konsa, Bourita eksprime supò gouvènman Maròk la anvè efò gouvènman ayisyen an fè devlopman e promèt “Wayòm nan ap toujou kanpe ak Ayiti nan yon parèy demach.”

Dr. Claude Joseph, bò kote pa’l, deklare ke 2 peyi yo pral kontinye travay ansanm e ranfòse relasyon sa ki egziste depi 30 lane,” daprè diplomat ayisyen an.

Bourita fè sonje ke Wà Mohammed VI te pase lòd pou troup maroken te fè pati Misyon Lapè Nasyon Zini an nan peyi Dayiti (MINUSTAH) lè peyi Dayiti tap fè fas ak gro problèm politik. Anplis, Wàyòm nan te voye egalman yon stock medikaman bay Ayiti ki te estime a yon montan 1 milyon dola ameriken aprè deblozaj latè tranble yo, 12 janvye 2012.

Comments are closed.