Krim inedi gwoup gang 400 Mawozo : DCPJ ap cheche Esther Thomas alyas “Nice B.”, tankou chyen fou

32
0
Share:
TRiboLAND

09/06/2026

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Direction centrale de la police judiciare (DCPJ) ap chèche yon sèten Esther Thomas, tankou tè sèk ki bezwen lapli. Endividi sila ki sou yon lòt non, “Nice B”, arive tonbe anba pwojektè DCPJ, aprè sikilasyon yon video inedi sou rezo sosyo, yon jèn fi ke bandi sangwen 400 Mawozo ap rache ou depatcha avèk raj. Pandan Nice B. ap asiste.

Nan sans sa, DCPJ ap chèche tankou chyen fou, Nice B. kòm materyo ki enplike nan yon parèy krim odye ak lawont. Selon yon seri enfo kap sikile sou twàl entènèt la, ta sanble viktim nan ta pibliye foto ou video Nice B. ak yon bandi gang 400 Mawozo.

Se konsa, gwoup gang kriminèl 400 Mawozo ta sanble vize demwazèl la e egzekite li piblikman avèk manchèt, yon krim tèrib ou inedi ki soulve konsyans popilasyon an.

Share:

Leave a reply