Ministè Kilti ak Kominikasyon fè tout moun konnen ke Televizyon Nasyonal Dayiti ap retransmèt tout match Mondyàl 2022 a

1,292

11-18-2022

Pòtoprens, Ayiti _____(TriboLAND) Nan yon nòt pou Laprès Ministè Kilti ak Kominikasyon mete deyò jounen vandredi 18 novanm lan, yo anonse tout popilasyon ayisyèn nan, ke TNH (Televizion Nasyonal Daïti) ap retransmèt tout match 22zyèm edisyon Koup Dimond Foutbòl la, kap dewoule nan peyi Katar soti 20 novanm pou rive 18 desanm 2022 a.

Ministè Kilti ak Kominikasyon remèsye Prezidan FIFA a, Mesye Gianni Infrantino ki apsepte fè Leta ak pèp ayisyen an benefisye dwa retransmisyon tout match yo. Ministè Kilti ak Kominikasyon swete tout fanatik foutbòl, viv yon bon mondyàl nan non gouvènman defakto Ariel Henry, nan kè kontan ak lapè.

Anpil moun estime ke se woulib ak jwèt marèl ke gouvènman ap jwe, sitou li rete kwè ke se yon bon moman pou yon apezman nan mitan vag pwotestasyon sosyo-politik yo ki la depi plizyè semèn. Gouvènman PHTK a, ap miltipliye bras pou livre gaz pap padap atravè peyi a, pou fasilite aksesibilite jwèt boul mondyàl la nan vil provens yo, daprè kèk kritik. Nan yon sans, se yon bon moman: pou fè yo Kata ak Mondyàl Katar 2022 a.


Comments are closed.