Jovenel Moise anonse festivite kanaval nasyonal 2021 yo tèt dwàt nan Pòdpè

257

12\07\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan moman li te nan Nòdwès e li tap vizite divès chantye, prezidan repiblik la Jovenel Moise anonse dimanch swa 6 desanm 2020, sou plas Katedral Imakile Konsepsyon an, yon gro nouvèl ke moun pat ditou espere.

Lokatè Palè Nasyonal la anonse ke prochen festivite kanaval nasyonal 2021 yo ap gen pou dewoule nan depatman Nòdwès, notamman site Kapwà Lamò, Pòdpè.

Prezidan Moise fè yon parèy deklarasyon nan okazyon fèt patronal Imakile Konsepsyon 8 desanm ak nan kad plizyè travay enfrasktrikti routyè kap pran chè nan depatman Nòdwès la.

Pou anpil moun, ta sanble Jovenel ap konsantre tout pè las politik li nan rejyon an pandan lap loveye sou dènye ke manda prezidansyèl li.

Comments are closed.