Premye Dàm Martine Moise nan tèt kole avèk lopital OFATMA òganize 2 joune klinik mobil nan Pòdpè

297

12\07\20

Pòdpè_____(TRiboLAND) Moun alinye e fè makòn pou te benefisye sèvis medikal tout kalite atravè klinik mobil jodi lendi 7 desanm 2020 an nan lekòl enstitisyon kretyèn frè yo nan vil Pòdpè.

Se yon mouvman kap dire 2 jou e ki genyen anpwent inisyatif premyè dàm repiblik la nan tèt kole avèk lopital OFATMA ki pote yon “bemòl” ou yon “valè ajoute” nan fason aktivite tradisyonèl yo te konn manniganse avan nan okazyon 8 desanm, ki se fèt patronal “Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.

Nan moman gro koudjay swen sante sa, patisipan yo ki te nan nesesite yon parèy sipò pat manke eksprime satisfaksyon pou kalite sèvis nan moman koudjay medikal sa ki te arive bay asistans pou plizyè kalite maladi. Tout sa, pou anpil moun, esplike volonte Martine Moise pou promote yon sante djanm nan Nòdwès peyi a. Akote sa, gras ak sipò ministè afè Sosyàl, anpil timoun ak granmoun ki pi vulnerab yo te resevwa kit nan non gouvènman an.

Ala verite, se premye fwa nan istwa Nòdwès genyen yon latriye aktivite ou chantye ki mete sou vizaj kèk moun, yon lòzèy espwa nan yon depatman ki pi pòv ke tout lòt rejyon nan peyi Jan Jak la.

Comments are closed.