Asosyasyon kazèk yo nan depatman Nòdwès la bay yon dènye omaj ak konfrè yo Elmond Mezidor.

859

03-15-2023

Senlwidinò, Ayiti___( TRiboLAND) Fineray kòdonatè kazèk 5èm seksyon Bono a, chante madi 14 mas 2023 a.
Asosyasyon kazèk yo nan depatman Nòdwès la te reponn prezan nan seremoni an, non sèlman pou pote solidarite yo bay konfrè yo ki kite yo, men tou poute montre inite ki genyen nan mitan yo.

Selon kazèk 3èm seksypn an Saintilus Saintilmé, yo deplore lanmò frè yo ki te yon defansè pou komin nan ak seksyon kote l tap dirije a. Popilasyon 5èm seksyon an temwanye travay kazèk la nan seksyon an, pou devouman l te genyen pandan l ta mennen bak seksyon an byen.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.