Ansyen prezidan fransè a, Valéry Giscard d’Etaing mouri

231

12\02\20

Pari____(TRiboLAND) Ansyen presidan fransè a Valéry Giscard d’Estaing mouri jodi mèkredi 2 desanm 2020 an, selon plizyè medya nan peyi Lafrans.

Ansyè chèf deta a ki te oblije kouri lopital Georges-Pompidou nan Pari pou yon problèm ensufizans kadyàk mwa septanm dènye e aprè sa te retounen lakay.

Antouka VGE tankou jan tout fransè yo rele’l, dirije peyi Lafrans nan ane 1974 jiska 1981 an ta pràl retounen lopital ankò nan vil Tours (Indre-et-Loire) nan mwa novanm 2020 an. nan pasaj li nan Elyzée 48 lane; bat yon rekò pami prezidan fransè ki te arive sou pouvwa pi jèn ke Lafrans pat janm konnen aprè Emmanuel Macron.

Sèt lane pouvwa VGE a te make avèk yon alu modènite, otorizasyon divòs ak konsantman mutyèl, depenalizasyon avòtman ki te laj 21 redwi jiska 18 lane. Akote sa, VGE te egalman anpetre nan yon dosye Bokasa ki gen pou wè ak dyaman nan kontinan Afriken an. li te fèt nan peyi Almay e li mouri alaj 94 lane.

Comments are closed.