Selèb jounalis ayisyèn, Lilianne Pierre Paul di planèt la babay

829

07-31-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nouvèl tonbe tankou yon bonm, anpil zanmi ou fanatik pa ta ka arive kwè yon parèy nouvèl, nan moman yo tap rete tann “Jounal 4è” sou Radio Kiskeya; menm media sila ta pral anonse lanmò yon jounalis mapou, Lilianne Pierre Paul, ki se direktris Radio Kiskeya.

Selon enfo ki sòti bò kote responsab Radio Kiskeya yo, jounalis senyò ou selèb la, Lilianne Pierre Paul, bay planèt la do, apwè yon kriz kadyak, nan moman li tap prepare emisyon “Jounal 4è” jodi lendi 31 jiyè 2023 a. Lanmò Madam Lilianne, se yon kou sezi ki sekwe tout zantray tèritwa peyi Dayiti a.

Lilianne ap rete imòtèl nan memwa pèp ayisyen an, li kite yon gwo vid nan Laprès Ayisyèn, akòz sa li te reprezante antèm, jounalism, konpetans, konbativite, politik, patriyòtism, filantwòp, e latriye. Yon ikon ki pa jamè manke yon ti tan pou adrese pandan chak 4è, “Trè Pwoblematik” ki gen pou wè ak efondreman peyi Dayiti, ki te toujou yon gwo sousi pou li.

Comments are closed.