Pòtopwens tibilans vyolans: bandi ame ensandye biwo santràl OAVCT a nan Taba

802

03 – 02 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Depi plizyè jou, atak vyolan bandi ame nan depatman Lwès la, ap miltipliye chak jou ki jou. Majorite nan atak sa yo ki trè mòtèl, vize angwo yon seri biwo piblik ak sou-komisarya ki koze lanmò plizyè lanmò polisye.

Vandredi pwemye mas 2024 a, pou yon yèm fwa ankò, fòs lòd yo te nan enposiblite pou kontrekare plizyè atak nèg ame ki te mete kapital la anfe e ak san; pami yon latriye deblosaj, Office d’Assurance Véhicules Contre Tiers (OAVCT) nan komin Taba kankannen e anrejistre anpil dega materyèl.

Antouka, koulè deblosaj sa yo ke moun pat konnen wè avan, temwanye revandikasyon koalisyon gang “Viv Ansanm” nan ki pa sispann mande demisyon san kondisyon, pwemye Minis enkilpe ou enpostè, Ariel Henry kap konplote ak kolon rasis entènasyonal ki detèmine pou eradike sosyete ayisyèn nan, dapwè sa plizyè lidè politik ta deklare.

Comments are closed.